Historia Polski w języku Kreolskim

966

Maryaj Prensès Dubravka ( Sè Duk Boemyen an ki se Boleslav l ) ak Mieszko, ki te batize nan okazyon an epi pran tit Prens Lapolòy. Prens Mieszko ak pèp li a konvèti nan relijyon Krisyanis. Konvèsyon  Mieszko nan Rit Laten an lakòz Lapolòy antre an kontak andeyò peyi a. Mieszko voye pitit gason l’ Lambert, fiti Mieszko ll fèmen nan yon monastè Italyen, Boleslav fè vini nan peyi Lapolòy kèk Relijye Italyen bò kote Alman yo. Politik matrimonyal la make evolisyon mantalite yo: Boleslav te gen youn dèyè lòt 2 madanm Alman epi marye pitit fi l’ yo ak yon Prens nan Kyèv ( Kapital peyi Ykrèn ) ek Yon Prens ki soti nan Anpi Women Jèmanik la. Pitit fi Mieszko a marye ak yon Wa nan peyi Lasyèd epi Nòvèj, ki vini manman Knut Le Grand, Wa peyi Danmak ak Angletè.

1226

Dik Conrad l nan Mazovi a mande asistans nan men Chevalye Jèmanik yo pou batay kont Prisyen yo, epi ba yo kote pou yo rete nan anba Vistyl.

1287

Twazyèm envazyon Tatar yo.

1454

10 Fevriye nan Krakovi: maryaj Elizabeth de Habsbourg pèmèt linyon Lapolòy-Lityani ak Repiblik Tchèk-Laongri. Elizabeth manman sis pitit gason ak sèt pitit fi, te gen ti non jwèt li manman Wa yo: (Kat nan pitit gason l’ yo te Wa vrèman). Soulèvman jeneral nan Lapris kont dominasyon lòd teutonik yo. Sou demann reprezantan Leta yo, lapris enkòpore nan Lapolòy. Kòmansman yon  lagè ki dire trèz lane kont Lòd teutonik yo jouk nan lane 1466. Nan mwa Novanm, premye etap nan direksyon pou transfòmasyon nan Lapolòy nan Oligachi (Nòb demokrasi).

1569

Linyon Lublin: Kreyasyon la Rzeczpospolita ( Federasyon Wayòm Polonè ak Gran Diche Lityanyen an). Lapolòy anekse Ikrèn jiska riv dwat la nan Dniepr ki te fè pati Gran Diche a nan Lityani.

1794

Revòl Tadeusz Kościuszko kont kopatajan yo.

1900

Polonè yo “ Etnik” te anviron 16 milyon swa 9 milyon nan Polòy-Larisi, 4 milyon nan Otrich Galisia ak 3 milyon nan teritwa Prisyen Grand Polòy (Posnanie) ak Silesye. Sou menm teritwa sa yo, popilasyon jwif la te gen apeprè 9 milyon moun. Yon milyon imigran t’ap viv nan peyi Larisi, Almay, Angletè, Lafrans ak Etazini. Vasovi te gen 700 mil moun epi Lodz 300 mil ( Tou de vil sa yo se nan peyi Lapolòy yo ye).

1920

Polonè yo okipe vil Kyèv, kont-ofansif lame Wouj repilsif la pandan batay Vasovi a, kont ofansif Polonè nan pati Lès la kont Larisi; Gè sa a lakòz popilasyon jwif la sibi divès vyolasyon . 15 Novanm : Pwoklamasyon endepandans nan Vil Dantzig lib. Koridò Dantzig rete pou Lapolòy.

1945

Nan dat 11 Janvye, Lame Wouj kite gen nan tèt li Jeneral Constantin Rokossovski antre nan vil Varsovie li jwenn li detwi nèt. Ant mwat Sektanm 1939 pou rive mwa Me 1945, plis pase 6 milyon Polonè jwenn lanmò yo, ladan yo te gen 3 milyon Jwif. Wayòm Ini sispann rekonèt egzistans gouvènman polonè a ki te an egzil. Anders, lame li a ak lòt inite nan lame Polonè a ki t’ap batay sou kòmandman Britanik la dezète. Gouvènman Britanik la otorize sòlda yo rete sou  teritwa Anglè a, apre yo te jwenn envitasyon pou retounen nan peyi Lapolòy men yo pat gen dwa pou yo patisipe nan defile pou viktwa apre lagè a.

1948

Kreyasyon pati ouvriye Polonè inifye ( PZPR )

1953

"Non possumus" Episkopal Polonè a pèdi dwa pouvwa li, Kadinal Wyszyński jwenn arestasyon l’ epi plase l’ sou rezidans siveye nan yon kouvan ki tou pre fontyè Sovyetik la rive jouk nan lane 1954.

1956

Ouvriye nan Poznan yo revòlte, Wladyslaw Gomulka vini premye sekretè pati a epi pran pouvwa a. ‘’ Ti revolisyon an’’ mete sou do Jwif yo tout erè  rejim pwo-Sovyetik la ki tounen yon boukemisè epi pouse nan yon nouvo egzòd.

1967-1968

Rete sèlman 35 mil moun ki gen orijin jwif depi  yo fèt, ki konvèti oubyen ki vin Jwif apre yon maryaj melanje. Men nan lane 1956 sa pat anpeche Wladyslaw Gomulka lanse yon nouvo operasyon ‘’anti-semit’’.

1975

Revizyon konstitisyon an pou resere lyen zanmitay ak Linyon Sovyetik.

1978

Karol Wojtyla eli kòm pap sou non Jean-Paul ll.

1981

Jeneral Wojciech Jaruzelski dekrete leta de syèj (Stan Wojenny) nan mwa desanm. Yo mete Lech Walęsa an rezidans siveye. Li pat pou kòl paske arestasyon rezidans siveye te pouswiv jouk nan lane 1989.

1988

Gouvènman pati  PZPR a rankontre ak Opozisyon an.

1989
Blòk pati kominis la kòmanse efondre nan peyi Lapolòy ,premye eleksyon lib yo reyalize, se premye fwa yon pati ki pa kominis pran pouvwa a nan Tadeusz Mazowiecki. (menm kan Jaruzelski rete nan tèt Leta a.
1241

Premye envazyon Tatare yo (mongole) nan Sid peyi Lapolòy.Pandan pasaj  yo yo touye anpil moun nan Krakovi epi kite tradisyon  hejnal ak lajkonik pou moun ki rete yo. Nan batay Liegnitz ( Legnica ), Mongòl yo te masakre chevalye Alman ak Polonè yo pyès pa pyès epi apre yo atake peyi Laongri.

1385

Inyon Krewo ant Gran Diche peyi Lityani ak Wayòm peyi Lapolòy nan yon alyans nan Jagellon ( Jagieᴌᴌo an Polonè, Jogaila an Lityani) ak Jadwiga, erityè kouròn polonè a. Gran Dik peyi Lityani a konvèti nan relijyon Krisyanis Katolik. Apre konvèsyon sa Leta monastik  chevalye teutonik yo vin lènmi an komen nan tou de Eta sa yo (Lagè nan Wayòm Lapolòy-Lityani kont lòd teutonik  yo.

1466

19 Oktòb, Lòd teutonik yo mande lapè nan Torun, yo te fatige akoz de gè a: Gdansk (Danzig) ak Lapris te tonbe sou nominasyon Lapolòy. Teritwa ki rete nan Lòd la yo vin tounen fyèf kouròn Polonè a.

12 sektanm 1683

Viktwa Kahlenberg ll fas ak Tirk yo. Jean lll Sobieski rejte gran Vizir la Kara Mustafa, ki asieje nan Vil Vyèn ak 180 mil òm. Entèvansyon sa sove monachi Habsbourg la epi sispann ekspansyon Lislam. Sa a se kòmansman ogmantasyon pouvwa Otrichyen epi retrè lanpi Ottoman nan an Ewòp.

1795

Twazyèm pataj peyi Lapolòy ant Larisi, Otrich ak Lapris. Lapolòy disparèt sou kat jeyografik la pandan 123 zan.

1905

Patisipasyon Polonè yo nan revolisyonki te fèt nan peyi  Larisi nan lane 1905. Henryk Sienkiewicz jwenn pri  Nobèl  Literati. Nan diskou li te bay pandan li t’ap resevwa pri sa a, li te dedye siksè sa a ak peyi li ki se Lapolòy: “ Li te deklare Inekziztan- Men prèv ke li vivan. Li te deklare enkapab nan panse oswa pale- Men prèv ke li se manti. Li te deklare venki – Men prèv ke li pot laviktwa.”

1939

Premye Sektanm, twazyèm Reich la anvayi Lapolòy san l’ pa deklare l’ lagè. Lame Polonè a defann tèt byen epi reziste pandan 15 jou fas ak siperyorite taktik ak materyèl  Wehrmacht, men nan dat 17 Sektanm,apre yon akò ki te genyen ant Staline ak Ribbentrop,  Linyon Sovietik anvayi Lapolòy tou. Nan lane 1944, Nazi yo detwi  Vasovi  (Powstanie Warszawkie). Apre 2 mwa konba (63 jou) ki soti nan mwa Out pou rive Oktòk. Vil la detwi a 95 pousan. Popilasyon an masakre oswa depòte. L’ ‘’Armia Krajowa’’  (Lame enteryè anti kominis) te febli anpil. 2 san mil Polonè te mouri pandan batay la, ki gen ladanl 180 mil sivil. 1945 fen lagè a epi konferans Nan Yalta, ki pwomèt eleksyon lib nan peyi Lapolòy.

1946

Nan dat Jiyè, apre yon akizasyon ki pote non ‘’ krim rityèl’’ ki tonbe sou do Jwif yo, plis pase 100 mil ladan yo kite Lapolòy, genyen ladan yo ki ale nan peyi Lafrans. Jwif ki rete yo pi fò ladan yo rete nan peyi ki pwòch sistèm kominis la epi plase espwa yo nan Repiblki popilè Sovyetik yo te empoze. Genyen nan yo k’ap sèvi nouvo rejim nan e yo te patisipe nan mete sistèm kanpe.

1951

Wladyslaw Gomulka jwenn arestasyon l’.

1954

Wladyslaw Gomulka jwenn liberasyon l’.

1964

Jacek Kuroń ak Karol Modzelewski voye yon lèt tou louvri bay pati a; nan mwa Jiyè 1965 yo kondane ansanm ak Kazimierz Badowski , Hass  pou pase 3 zan edmi nan prizon.

1968

Edityan pwo-antisemit yo fè manifestasyon, dènye trantèn mil Jwif ki te rete yo kite peyi a definitivman anpil ladan yo  ale viv nan peyi eskandinav yo.

1976

Travayè yo revòlte, kreyasyon Komite pou defans travayè ( KOR ).

1980

Nan mwa Jiyè grèv jeneral nan vil Lublin, pou gen amelyorasyon sosyal ak plis demokrasi. Nan mwa Dawou grèv yo prolonje. Fen Dawou kreyasyon pati Solidarność  nan mwa dawou gen yon akò ki siyen nan vil Gdansk ki otorize premye sendika lib.

1983

Lech Walęsa vini Pri Nobèl Lapè.

1000

Anperè Otto lll rekonèt Wayote Prens Boleslav Levayan, pandan kongrè Gniezno. Kreyasyon premye Acheveche Polonè a nan Griesno ki gen otorite sou episkopal yo nan Kolobrzeg, Wroclaw ak Krakovi.

1283

Kòmansman  vwayaj Chevalye Tetonik (An Polonè KrzyŻacy ) yo nan Prys. Yo masakre abbitan yo epi Jèmanize peyi a.

1410

Wiltold ak Ladislas Jagellon genyen batay Grunwald la kont chevalye teutonik yo.

1548

Piblikasyon  Revolutionibus Orbium Coelestium la (Revolisyon esfè selès yo) Sa a se travay Astronòm ki rele Nicolas Copernic, premye ekspoze modèn sou sistèm elyosantrik.

1772

Premye pataj peyi Lapolò ant Larisi, Otrich ak Lapris. Popilasyon jwif la rive nan demi milyon moun, swa 4 pousan nan popilasyon Rzeczpospolita a, ki te estime a 12 milyon, yo te lye ak Wa a sou sèman fidelite, depi plis pase yon syèk, yo benefisye yon estati de pwotektè. Yo fòme le kahal (“ kominote a”), chak group lokal gen yon konsèy notab ak yon raben k’ap dirije yo. Konsèy 4 peyi ki te lejislatif pou zafè entèn yo.

1796-1799

Lame Polonè a ki te gen nan tèt li Jean-Henri Dombrowski (gade Lejyon italik la) yo mete o sèvis Napoléon nan peyi Itali pou konbat peyi Otrich.

1918

Restorasyon endepandans peyi  Lapolòy. Premye Novanm: Galisi oriantal deklare tèt li Repiblik popilè Ikrèn oksidantal, kòmansman lagè ant Lapolòy ak Ikrèn;  11 Novanm: Józef Pilsudski pran tèt pouvwa a nan Vasovi;  an Desanm, kreyasyon Pati kominis la nan peyi Lapolòy. Nouvo popilasyon Polonè a genyen antou 19 milyon vrè Polonè, 7 milyon Bieloris, Ikrenyen ak Alman, epi 3 milyon jwif.

1944

An avril, lame wouj reprann kontwòl vil Lwòw, nan dat premye dawou li rive nan vil Lublin ak Bialystok tou pa Varsovie pa lwen. Kominis yo te kreye ‘’ Komite Polonè pou liberasyon nasyonal ’’ Kapital Polonè a fè yon soulèvman kont  Wehrmacht  la (lame Alman), men Staline te jwenn entèdiksyon pou l’ pa pote lame Alman an sekou. Alman yo detwi vil Varsovie a 98%. Feblès Polonè yo apre batay sa a te pèmèt peyi Larisi gen menmiz sou peyi Lapolòy. 200 mil Polonè (Sivil ak Konbatan) peri nan pyèj sa a.

1947

Eleksyon koken, eliminasyon opozisyon anti-kominis.

1952

Adopsyon yon nouvo konstitisyon, Lapolòy tounen yon peyi ki baze sou sistèm demokratik popilè.

1955

Enfliyans Sovyetik la gaye kò l’ nan tout aktivite k’ap fèt nan peyi Lapolòy.

1966

Batèm milenè peyi Lapolòy.

1970

Willy Brandt rekonèt Oder-Neisse, Wladyslaw Gomulka kite tèt pati a, Edward Gierek monte nan plas li. Grèv sou chantye naval yo nan vil Gdansk nan lane 1980.

1977

KOR la tounen Komite Otodefans Sosyal.

1981

Stefan Wyszyński jwenn lanmò l’.

1984

Zak asasinay fèt nan Jerzy Popielusko.